Fè yon don Pou ede
Yon pèp ki konsyan de istwa
li pa ka domine.
Thòy'Art se yon mouvman kiltirèl angaje pou rezistans,fyète idantitè ak souverènte ayisyen
LISTWA
THÒY’ART
Manifest la
Thòy'Art fèt nan yon pasyon pou ekspresyon natirèl, san kache lonbrik , ansanm ak yon elegans modèn. Se yon mouvman ki chèche depase limit atizay kontanporen an pou l louvri yon nouvo espas kote imajinasyon, emosyon ak refleksyon rankontre. Vizyon nou an chita sou kouraj pou kreye, pou kesyone, epi pou montre mond lan jan nou wè li.
Pou nou, atizay se pa sèlman yon kesyon bote. Li se yon langaj pwofon ki pèmèt moun eksprime sa ki pafwa difisil pou di ak mo. Se poutèt sa Thòy’Art chèche antre nan emosyon imen yo, revele sa ki kache nan kè moun, epi mete devan je piblik la verite ki souvan rete an silans.
Zèv nou yo jwe sou diferans ki klè : limyè ak lonbraj, fòs ak frajilite, espwa ak dout. Diferans sa yo pa la sèlman pou frape yo la pou envite moun reflechi, pou poze kesyon, epi pou dekouvri nouvo fason pou konprann lavi ak eksperyans imen an.
Chak zèv se plis pase yon imaj. Li se yon rankont. Yon rankont ant kreyativite atis la ak entèpretasyon moun k ap gade li. Nan rankont sa a, chak moun pote pwòp istwa li, pwòp emosyon li, epi zèv la pran yon nouvo sans.
Nou kwè atizay pa dwe sèlman obsève, li dwe viv. Li dwe manyen konsyans, reveye sansiblite, epi kreye yon lyen ant moun. Se nan espas sa a, ant silans ak emosyon, ant kesyon ak refleksyon, Thòy'Art ap bati yon vwa ki lib, ki odasye, epi ki ouvè sou mond lan.
Valè nou yo
Ki moun THÒYA ye ?
Thòya se nanm kreyatif ki dèyè mouvman Thòy'Art la. Li se yon atis miltidisiplinè ki te kòmanse trase chemen li nan atelye Pari yo. Depi lè sa a, li toujou ap chèche bay fòm ak koulè a sa ki pafwa pa gen mo pou esplike.
Stil li fasil pou rekonèt. Li sèvi ak pigman rich ak plizyè kouch teksti ki vini chita youn sou lòt, tankou emosyon ki ap bati sou emosyon. Travay li yo revele yon reyalite doub kote fòs ak frajilite mache ansanm.
Pou Thòya, chak twal se yon espas kote emosyon rankontre. Se tankou yon chan batay enteryè kote tansyon ak refleksyon ap fè fas, jiskaske amoni koulè yo vin pote yon sans lapè.
Jodi a, enfliyans li depase limit pwòp travay li yo. Li enspire yon nouvo jenerasyon kreyatè pou yo pran kouraj, pou yo eksplore pwòp vwa yo, epi pou yo antre nan yon fòm "Art Brut" ki melanje ekspresyon natirèl ak yon touche sofistikasyon.
Aksyon ak Pwojè nou yo
Thòy’Art transfòme idantite kiltirèl an yon zouti devlopman. Men kijan mouvman nou an ap gen yon enpak konkrè sou kominote yo.
Edikasyon anviwònman an
Edikasyon anviwònman an
Jaden kominotè yo
Jaden kominotè yo
BOUTIK SOLIDÈ
Chak acha sipote misyon an
Pote istwa ou, sipote vizyon an.
Bilten yo
Istwa rezistans lan
Istwa rezistans lan
Kontak
Adrès
Haïti
Imèl
martinephebe@gmail.com
Telefòn
+509 34 28 3705
Antre nan Mouvman an
Rete enfòme sou ekspozisyon k ap vini yo, lanse koleksyon eksklizif yo ak kouliss kreyasyon an